FC Barcelone rate opòtinite pou te pran 10 pwen avans sou Real Madrid nan tèt klasman Liga a jodi dimanch lan avèk defèt sa yo fè (0-1) sou tèren UD Almeria nan okazyon 23èm jounen chanpyona espanyòl la.
Katalan yo ki te an deplasman nan Mediterane a, anrejistre dezyèm defèt yo nan Liga a sezon sa, kont UD Almeria, youn nan ekip ki monte nan premye divizyon sezon sa, sou yon gòl yo ta pral pran depi nan premye mitan an, 24èm minit.
Blaugrana yo ki te gen posiblite pou pran 10 pwen anplis Real Madrid k ap swiv yo nan tèt klasman chanpyona espanyòl la, tonbe jodi dimanch lan yon gòl a zewo malgre prezans pi fò jwè kad katalan yo.
FC Barcelone ki sot elimine nan Europa League pandan mitan semèn lan, konnen yon lòt defèt ankò jodi 26 fevriye an, (0-1) fas UD Almeria, sou yon gòl jèn atakan 21 lane malyen an, El Bilal Touré nan 24èm minit nan premye mitan an.
Yon defèt ki pa chanje twòp bagay nan tèt klasman an kote katalan yo toujou rete lidè Liga a avèk 7 pwen anplis Real Madrid ki te fè match nil (1-1) ayè samdi an nan dèbi an fas Atlético.
N ap siyale, ekip UD Almeria a ki bat FC Barcelone jodia pandan 23èm jounen sa, mete fen ak yon seri twa defèt youn aprè lòt yo t ap konnen kote viktwa sa sou katalan yo tou pèmèt yo sòti pou kounya nan zòn wouj klasman chanpyona Espay lan.
Facebook Comments