Kalvè yo ap rapouswiv pou Chelsea ki konnen yon sizyèm match san viktwa

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
kalvè yo ap rapouswiv pou chelsea ki konnen yon sizyèm match san viktwa
Nan kad dèbi londonyen an, ekip Chelsea an anrejistre yon lòt move rezilta jodi dimanch lan kote yo tonbe (2-0) fas Tottenham avèk Oliver Skipp epi Harry Kane ki enskri de gòl sa yo.
Yon seri move rezilta k ap rapouswiv bò kote Blues yo ki tonbe yon lòt fwa ankò, nan gran dèbi londonyen an, fas Tottenham. Ekip Chelsea an anrejistre yon 3èm defèt youn aprè lòt epi yon sizyèm san okenn viktwa.
Blues yo ki te reyisi rantre nan vesyè an (0-0) aprè premye mitan an, pèdi dèbi an jodi dimanch lan kote yo pran de gòl aprè, avèk Oliver Skipp nan lage dezyèm mitan an, epi atakan vedèt yo an, Harry Kane nan 82èm minit.
Chelsea k ap fè yon sezon difisil depi rive Graham Potter nan tèt ekip la, kontinye ak move rezilta li yo kote depi kòmansman ane 2023 a, Blues yo genyen yon bilan katastwofik avèk sèlman yon grenn viktwa, 4 match nil epi 6 defèt.
Avèk seri move rezilta sa yo, ekip Chelsea an twouve l, aprè 25 jounen chanpyona, nan 10èm plas klasman an avèk 31 pwen epi yon match an mwens.  Menm kantite avèk Aston Villa ki swiv li akoz diferans gòl.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.