Categories: AN KREYÒL SEXUALITÉ

« Fè bagay nan dòmi » ant reyalite ak mit

Share

Fè yon rèv pandan wap dòmi se yon bagay ki rete nòmal malgre sa a anpil moun ta kapab atribiye ak yon ansanm bagay yon moun ap viv nan somèy li, pami yon latriye rèv nou konnen moun konn abitye fè, “sèks” ki se yon pratik ki obligatwa kay tout moun se youn pami yo tou. Se yon sijè ki parèt Tabou nan sosyete a, ki menm kreye gwo deba nan koulwa reyalite ak mit kay anpil moun. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Selon sichalisis Véronica Olivieri-Daniel, reve w kap fè bagay ak yon moun nan dòmi rete yon nostalji, ou kapab anvi “flanbe” ak yon zanmi oubyen ak yon mannaj ou epi ou viv eksperyans lan nan dòmi tankou se te reyalite, « pa etone si w menm voye sou ou nan dòmi an». Selon menm ekspè sa a nou site a, anbyans sa a makonnen ak yon “rèv ewotik”, yon fenomèn ki pa dwe yon perèz pou pyès moun paske selon li, se yon bagay ki nòmal kay tout moun. 

Freud te deja bay agiman l sou kesyon ” Fè bagay ak yon moun nan dòmi an “, si nap sonje youn nan deklarasyon l yo « Lè w fè rèv sa yo, se yon anvi fè bagay ki te enkonsyan lakay ou, ou akonpli». Véronica Olivieri-Daniel te pèsiste sou pwen sa a, “wèw k ap fè bagay ak yon moun pa vle di, wap “kase” ak moun sa a yon lè kanmenm, toutfwa nou pa inyore yon bagay konsa men, se si ou bay sa a anpil enpòtans.”     Rèv Ewotik la rete yon senp bagay, ou kapab menm fè l ou pa sonje anyen, konsa tou, menm vizaj pèsonaj seksyè l ou a ou ka pa sonje. Toutfwa siw preyokipe ou kapab reviv aksyon sa a ankò, men kap sansoryèl anpil. 

Si pou anpil moun oubyen gwo ekspè li rete yon bagay nòmal, ebyen pou anpil lòt, fè bagay nan dòmi gen aspè mit li ladan l. Reprezantan relijyon yo fè konnen fè bagay ak yon moun gen gwo aspè espirityèl, ” lè w fè bagay ak yon moun ou pataje ak li bòn negatif ou ak pozitif ou ak li, menmjan li fè l pou ou tou”. Men nou pap rete sou pwen sa, paske n ap pale de fè bagay nan dòmi.  

Nou te kontakte yon pastè k ap evolye nan sektè Pwotestantis lan, ki te menm pataje ak nou ide pa li sou kesyon fè bagay nan dòmi an, selon sa a li di, « lè w fè jan de rèv sa a yo ou annafè dirèkteman ak lespri demonyak yo tankou, jezabèl ak lòt lespri ki akwo ak sèks yo». Li te pèsiste tou, « Yon moun ki fè jan de rèv sa yo, dwe al lapriyè rapid, paske gen demon ki konn pote  gwo maladi bay moun nan dòmi konsa». 

Wi, wè w k ap pran plèzi lachè oubyen jan yo souvan di l la ” degrese, foubi, manje, kraze, plimen, koupe” yon moun nan dòmi, se yon reyalite lakay tout moun. Pou kwayan yo, se yon metòd demon yo souvan itilize pou tante frè ak sè legliz yo oubyen payen yo. Yon sijè malgre tou, kap rete makonnen ak reyalite tout sa a nap viv yo. 

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by