Filip anonse li kite labèl Evazyon Mizik ! 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
filip anonse li kite labèl evazyon mizik ! 

Nan yon mesaj li pibliye sou Facebook, Filip ki se te pwodiktè Evazyon Mizik anonse fen kolaborasyon l ak labèl la. Pwodiktè a pa bay rezon ki fè l pran desizyon sa a. 

Yon bagay pyès moun pa t ap tann : Gen yon kraze kite sa ant Filip ak Evazyon Mizik. Aprè 6 lane li pase nan labèl la kote l t ap ranpli wòl pwodiktè, direktè atistik ak direktè maketin, Filip deside kite avanti ak Evazyon an deyò l do. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Sa fè anpil plas ki ret vid men m panse Evazyon gen anpil talan pou l konble plas yo » pwodiktè a te esplike sa nan anons desizyon l lan. Li fè konnen l ap renonse a 50% pa li ge genyen nan jèn labèl la.   

Ak separasyon sa, Filip di l ap remèt Evazyon tout objè, tout byen l yo, men l ap kenbe afè pèsonèl li yo. Li ta dwe ranbouse tout dèt li yo tou. Pwodiktè ki gen plizyè pwojè nan aktiftli a rekonèt l ap kite yon pati nan li nan pwojè sa. 

Filip te parèt endesi nan moman pou l pale de swit karyè l antanke pwodiktè : « Mwen pa konnen si m ap kreye on lòt labèl ou si mwen ap tou kanpe la ». N ap raple Filip se pwodiktè Powèt Revòlte e l travay sou pwojè pèsonèl anpil atis tankou D-Fi, KenFs oubyen Tafa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.