Filyal SOGEBANK ki nan ri Pave a fèmen pòt li akoz ensekirite a

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
filyal sogebank ki nan ri pave a fèmen pòt li akoz ensekirite a

Sosyete Jeneral Bank yo (SOGEBANK) anonse y ap fèmen  pou yon ti tan filyal yo nan Ri Pave ki chita kò l nan sant vil la, akòz deteryorasyon sitiyasyon sekirite a nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.

Ayè lendi 27 mas 2023 a, Direksyon Jeneral SOGEBANK fè konnen akòz sitiyasyon ensekirite a k ap ravaje peyi a espesyalman nan sant vil la, li deside sispann aktivite li nan filyal li ki chita nan Ri Pave a.

Nan sans sa a, SOGEBANK envite tout kliyan ki te konn fè tranzaksyon nan branch sa a pou yo ale nan yon lòt oswa itilize sèvis yo sou entènèt, tout pandan li eskize li devan kliyan sa yo epi li di li konte sou konpreyansyon yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.