Yon lane aprè prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, te dekrete rejim ekspepsyon sou teritwa Salvadò an, plis pase 60 mil manm gwoup ame ki t ap teworize popilasyon an fèmen dèyè bawo aprè yon batay san pran souf fòs piblik yo ta pral lanse nan mwa mas 2022.
Yon pari gouvènman salvadoryen an genyen kont gang yo ki te sèl kòk chante nan peyi Salvadò. Sòti 28 mas 2022, dat rejim ijans lan te rantre an aplikasyon, pou rive jounen jodia ki fè egzakteman yon lane, genyen yon total 66 417 manm gwoup ame yo ki fèmen nan prizon.
Pou komemore viktwa sa, yon lane aprè 87 moun ta pral pèdi lavi yo nan sèlman twa jou, sòti 25 pou rive 27 mas 2022, prezidan salvadoryen an fè konnen sou Twitter, mas 2023 sa se mwa ki pi garanti peyi an konnen kote yo sou wout boukle l a zewo ka lanmò.
Gwoup ame yo ki t ap teworize popilasyon an avan rejim eksepsyon ijans sa, te fè anviwon 6 mil viktim nan popilasyon an, pami yo jou nwa 26 mas 2022 an kote te gen 62 moun ki ta pral pèdi lavi yo nan sèlman yon jounen.
« Se te youn nan moman pi difisil nan lavi m ak gouvènman sa. Kounya, yon lane aprè, nou fèmen l ak zewo ka omisid », pawòl Nayib Bukele ki felisite tèt li ak gouvènman li an pou travay yo akonpli pandan 12 dènye mwa sa yo.
Nan menm entèval sa, gouvènman salvadoryen an kreye yon kokennchenn prizon ki gen kapasite plizyè milye plas kote majorite moun ki akize pou enplikasyon yo nan gwoup gang yo fèmen jounen jodia.
Facebook Comments