FJKL di pou otorite yo rezoud pwoblèm ensekirite a yon fason ki responsab

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
fjkl di pou otorite yo rezoud pwoblèm ensekirite a yon fason ki responsab
Fondasyon Je Klere(FJKL) nan yon nòt pou laprès li pibliye ayè vendredi 27 janvye 2023 a, montre enkyetid li sou lachas polisye sa a k ap fèt nan peyi a. Li mande otorite yo,pou yo rezoud pwoblèm Sekirite a yon fason ki responsab, reyèl epi fè nouvo rekòmandasyon.
Pandan mwa sa a, plizyè ofisye ki pou fè respekte lalwa yo te asasinen, yon sitiyasyon ki te revòlte lapolis ak popilasyon sivil la kont otorite leta yo.  Daprè FJKL, peyi a ap travèse yon moman nwa akòz mekontantman jeneral yo obsève nan plizyè vil nan peyi a, aprè evènman terib yo ki te koute lavi prèske 15 polisye, espesyalman asasina trajik polisye yo nan Lyankou Mèkredi ki sot pase a.
Dapre òganizasyon an, asasina sa yo reprezante dènye gout dlo ki pou te debòde vaz la a, tout pandan FJKL fè remake tou kote krim sa yo komèt.
Direktè Egzekitif Fondasyon Je Klere a (FJKL), Marie Yolène Gilles, ki te eksprime endiyasyon li devan sitiyasyon flagran sa a, di li kwè “lè a rive pou nou abòde ak responsablite reyèl pwoblèm sekirite peyi a ap konfwonte a.”
Yon lòt bò, Fondasyon Je Klere pwofite eksprime pi gwo senpati li bay enstitisyon polis la ak fanmi viktim yo.  Li mande tou ranfòsman lame d Ayiti ak fòmasyon masiv ak entansif plizyè milye jèn sòlda ak ranfòsman PNH la.
Nap raple, depi plizyè jou Polisye yo ap tonbe tankou grenn lapli, kote:  2 polisye te mouri nan Kafoufèy nan dat 10 janvye 2023, youn te rann dènye souf li anba lavil Pòtoprens nan dat 17 janvye 2023,  3 te tonbe nan nan Metivye ak youn te disparèt nan dat 20 janvye 2023, san nou pa bliye 6 polisye ki te  mouri anba men gang ak zam nan Savyen nan depatman Latibonit 25 janvye 2023.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.