La polis arete prensipal founisè zam ak bal gang Savyen yo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
la polis arete prensipal founisè zam ak bal gang savyen yo

Lapolis nasyonal arete jedi 26 janvye 2023 a Jean Huges Terial ki idantifye kòm prensipal founisè gwoup ame «Baz Gran grif» nan kesyon zam ak bal.

Nan yon kominike pou Laprès ki pibliye sou kont PNH la sou rezo sosyal yo, endividi sa ki gen bon relasyon ak gwoup gang nan Savyen an, prensipalman chèf «Baz Gran grif» la, jwenn arestasyon l nan Senmak jedi ki sot pase a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè otorite Lapolis yo, Jean Huges Terial ki gen 44 lane e ki sòti Vèrèt, se kouzen epi monkonpè Lucson k ap dirije «Baz Gran Grif» lan nan Savyen ki enplike nan asasinen moun nan popilasyon an kote ladan yo gen plizyè polisye.

Endividi sa ki nan men Lapolis pou kounya, twouve l nan gadavi annatandan swivi jidisyè yo daprè sa ki ekri nan kominike sa.

«Baz Gran Grif» lan k ap opere nan Savyen, depatman Latibonit, akize kòm prensipal gwoup ki responsab asasina 6 polisye UDMO yo mèkredi 25 janvye ki sot pase a nan Lyankou.

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.