Nèg ak zam rantre nan yon lopital, yo pran yon pasyan epi al touye l deyò a

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
nèg ak zam rantre nan yon lopital, yo pran yon pasyan epi al touye l deyò a
Nan yon kominike près misyon medikal “Médecins Sans Frontières” fè konnen li sispann tout aktivite li yo aprè plizyè endividi ak zam epi kagoul nan vizaj yo rantre andedan sal ijans yon lopital filyè li nan Kafou epi touye yon pasyan ki t ap resevwa swen.
Zak sila pase jedi 26 janvye a nan lopital piblik Raoul Pierre Louis a, “Médecins sans frontières” ap sipòte. Yon pasyan ki blese pa bal t ap resevwa swen nan sal ijans li, 3 endividi ak zam vin pran l, sòti ak li deyò epi ekzekite li ak yon bal nan tèt.
Pou rezon sa ògàn medikal la enfòme l ap sispann tout aktivite li yo nan lopital sila paske sa fè 2 fwa yon bagay konsa rive nan menm sant lan nan espas 6 mwa. 14 dawout 2022 pase, te gen yon pasyan yo te tire menm jan nan lopital sila, daprè kowòdonatè misyon an nan peyi d Ayiti, Benoît Vasseur.
“En plein après-midi, trois hommes cagoulés et armés ont fait irruption à l’intérieur de l’hôpital Raoul Pierre Louis. C’est dans la salle d’urgence que les assaillants se sont saisis d’un patient alité sur un brancard venant de se faire admettre pour une blessure par arme à feu ils l’ont violement sorti de l’hôpital et l’ont achevé d’une balle dans la tête à une dizaine de mètres de l’établissement.” : se sa nou li nan kominike près MSF la.
“Médecins Sans Frontières” deklare tris evènman sila rive pandan plizyè katye nan kapital la ak zòn ki anviwon l yo te gen manifestasyon ak dezòd.
Li revele nan menm jounen sila li te resevwa 6 moun ki blese ak bal nan kèk èdtan sèlman, ladan yo yon elèv lise ki te deja mouri lè yo te rive ak li a. Nan kontèks sa a, misyon an mande pou aksè ak swen ijans yo toujou pwoteje, si se pa sa li pa p ka rekòmanse bay sèvis.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.