Flash : Martine Moïse retounen

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Aprè Yon atak kite fèt nan kay prezidan repiblik Jovenel Moïse la nan lannwit 6 pou rive 7 jiyè 2021 an, premye dam Martine Moïse rive sove aprè li te resevwa plizyè bal , yo te transpòte l an ijans nan lopital pou l t al pran swen nan peyi Blan ameriken, aprè plis pase 8 jou sou kabann lopital. Premye dam nan retounen nan peyi a pou l ka planifye antèman mari l Jovenel Moïse.

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

 

Yon delegasyon kite gen nan tèt li Claude Joseph ak plizyè lòt manm nan gouvènman an, t al rankontre Martine Moïse nan ayopò entènasyonal Toussaint Louverture a, li antre nan kad preparasyon k ap fèt pou antèman mari l e ansyen Prezidan Jovenel Moïse, k ap gen pou fèt vandredi 23 jiyè k ap vini la.

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article