2,4 milyon timoun riske pa retounen lekòl akoz vyolans gang ak kolera daprè UNICEF

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
2,4 milyon timoun riske pa retounen lekòl akoz vyolans gang ak kolera daprè UNICEF

Nan yon kominike pou laprès ki pibliye jounen vandredi 7 oktòb 2022 a, UNICEF fè konnen gen plis pase 2,4 milyon timoun an Ayiti ki riske pa reprann chimen lekòl akoz vyolans gang nan katye yo ak raparèt kolera sou teritwa ayisyen an.

Fas ak sitiyasyon sosyopolitik yo nan peyi a ki pa sispann degrade chak jou pi plis, sa ki lakoz pòt lekòl yo toujou rete fèmen malgre anons ministè edikasyon nasyonal sou repriz aktivite lekòl yo pou 3 oktòb ki sot pase a. Daprè UNICEF, pòt lekòl yo riske rete fèmen si kondisyon yo pa amelyore.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan kominike sa ki pibliye jounen vandredi 7 oktòb la, reprezantan UNICEF la an Ayiti, Bruno Maes, fè konnen se yon enperatif pou pòt lekòl yo rete ouvè, pou timoun yo kapab ale san kè sote. Daprè Bruno Maes, yon timoun ki pa al lekòl se yon timoun ki sou wout pou rantre nan gang e agrave vyolans sa ki fèmen pòt lekòl yo.

Òganis Nasyonzini an fè konnen egalman, reparèt kolera nan peyi a kapab genyen enpak sou dwa timoun yo pou yo ale lekòl. UNICEF presize, depi 2 oktòb ministè sante deklare prezans maladi sa sou teritwa ayisyen an, genyen 152 ka sispèk ki detekte, 7 moun mouri ak 12 ka pozitif ki konfime.

Piyaj ki fèt nan lokal UNICEF ak patnè li yo ap gen enpak anplis sou sektè edikasyon an an Ayiti, daprè kominike sa. Daprè UNICEF, sa ki piye nan depo Òganizasyon sa yo te vize reponn ak bezwen imanitè plis pase 32,000 timoun.

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.