Pwogram Biden : Tribinal Texas ap deside 7 avril sou enjonksyon preliminè a 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
pwogram biden tribinal texas ap deside 7 avril sou enjonksyon preliminè a 

20 Eta repibliken yo kontinye opoze  ak pwogram imanitè Prezidan ameriken an, Joe Biden te lanse 5 janvye 2023 a. Si sipòtè ki ap viv Ozetazini ap pran tan pou  aplike pou esponsorize  fanmi oswa zanmi yo k ap viv an Ayiti, ebyen a nenpòt ki , sou demann 20 eta yo, pwogram nan ka sispann annatandan yo revize aksyon legal la. 

Madi ki sot  pase a, 20 Eta repibliken yo te mande yon enjonksyon preliminè pou bloke pwogram nan imedyatman pandan y ap anvizaje jijman an, yon pwosesis ki ka pran plizyè mwa. 

Se sak Tribinal Texas ap deside sou demann enjonksyon preliminè  20 Eta Repibliken yo te mande pou kanpe pwogram nan dat k ap 7 avril 2023 a. Men sepandan, avan dat sa, seyans pou panche sou demann administrasyon Biden nan te pou transfere dosye a bay yon t Jij la ap t jodi madi 21 fevriye 2023 a. 

Li enpòtan pou nou note, yon moun k ap viv nan peyi Etazini ki vle esponsorize yon fanmi oswa yon zanmi k ap viv an Ayiti dwe aji byen vit, piske jij la, anba presyon 20 eta pleyan yo, riske pwoklame yon jijman anvan dat 25 avril 2023 a. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.