Pou tounen Peyi de Gal nan Koup Di Mond lan, Gareth Bale ki se sipèsta peyi sa pa rate okazyon an pou l fè listwa. Absyen jwè Real Madrid la make 200è gòl ki fèt sou penalite nan istwa Koup Di Mond lan.
Peyi de Gal ak Etazini fè match nil (1-1) nan dènye match gwoup B pou premye jounen an. Gareth Bale te transfòme yon penalite nan dezyèm mitan an pou l te jwenn egalizasyon pou peyi l. Grenn gòl sa tou antre nan listwa.
Peyi sa ki pa t janm patisipe nan Mondyal la te ka konte sou sovè l, Gateth Bale pou antre l nan konpetisyon an. Absyen jwè Tottenham nan pa janm sispann pote peyi sa nan kè l ak sou zepòl li. Se premye pwen seleksyon an pran nan Mondyal depi 64 lane.
Li initial pou n di Gareth Bale enskri premye gòl Peyi de Gal nan Koup Di Mond depi 1958. Men sa k enpòtan pou n konnen, avèk grenn penalite sa li transfòme a, sa fè 200 gòl penalite ki fèt nan istwa konpetisyon sa k ap fete 92 lane ane sa.
