Gaz ki pa genyen fòse chofè moto yo dòmi anba ponp lèswa 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
Foto : Loop News

Sa gen plizyè mwa yon ratman gaz ak kale teritwa epi lakòz majorite aktivite yo paralize, sitou sikilasyon an. Anba plizyè estasyon sèvis nan kapital la pou jwenn yon ti gout gaz achte se anba anpil mizè. 

Se avèk anpil difikilte, malgre se pou kòb yo, pou yo jwenn gaz achte anba ponp yo, san konte achte nan lari a se yon kalamite : moun k ap revann yo fè sa ak yon pri ki pi chè nan diferans (250 nan ponp yo, kont 1500 goud nan lari a, e li konn pi chè pase sa). 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou evite tout depans sila, kèk konsomatè tankou chofè moto ak machin, oblije dòmi anba kèk ponp lèswa nan lide pou pran liy bonè pou jwenn yon ti gout gaz achte anba anpil mizè pou lage nan tank yo. Paske achte gaz atè a gen anpil vye konsekans sou motè veyikil yo. 

Nan plizyè zòn sou wout Delma, sitou nan 45, sa fè plizyè nwit nou konstate genyen kèk chofè moto ak machin ki reziye yo dòmi anba ponp yo nan lide pou fè apwovizonman an premye, menm si pafwa yo konn pa rive fè l akòz se moun nan galon ponpis yo plis vann. 

N ap raple se pa gaz ki pa genyen nan peyi a, plizyè fwa Biwo monetizasyon èd pou devlopman (BMPAD) anonse genyen kagezon petwòl rive nan plizyè tèminal peyi a, pami yo Varreux. Tout lajounen kamyon gaz ap mache fè livrezon men nan ponp yo toujou gen menm pwoblèm nan, pa gen gaz, alòske atè bò lari yo chache moun k ap vann gaz byen chè. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.