Micro d’or, yon konkou chante Radio Télé Éclair ap òganize

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
micro d'or, yon konkou chante radio télé Éclair ap òganize

Team Éclair Event, Radio Télé Éclair ak Script Entertainment, nan yon patenarya, lanse pou dènye trimès ane 2022 a, premye edisyon konkou chan ki batize “Micro d’or”, k ap gen pou kòmanse ofisyèlman dimanch 18 septanm k ap vini an. 

Yon konkou k ap gen pou demare avèk 36 finalis ki sòti nan odisyon ekip k ap òganize evènman sa te reyalize nan faz preliminè premye edisyon konkou chan sa nan Viviano Club. Gwoup jèn sa yo ki gen pou piti 14 lane, chwazi sou baz yon seri kritè ki te defini davans. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan videyo anons ki fèt pou premye edisyon konkou “Micro d’or” ane 2022 an, finalis yo ki pral gen pou patisipe nan emisyon televize k ap òganize nan okazyon evènman sa ki gen pou tèm «M ap chante paske m vle viv nan lapè». 

Yon konkou ki bay posiblite ak chak grenn finalis yo ki ap kapab chante mizik yo konpoze oubyen mizik lòt atis ki gen rapò ak tèm konkou a ki vize sitiyasyon global peyi a ap konnen depi kèk tan. 

Nan kad rekonpans ki prevwa pou twa dènye finalis k ap rete yo nan kad dewoulman konkou sa, ekip Radio Télé Éclair la k ap òganize evènman sa anonse yon rekonpans 1 500 dola ameriken plis yon anrejistreman mizik ak tout videyo plis twofe Micro d’or a pou moun k ap fini premye an. 

Yon rekonpans 1 000 dola ameriken ak yon anrejistreman mizik konplè pou dezyèm ganyan an ak 500 dola plis lòt kado pou twazyèm lan, se lòt rekonpans ki anonse nan kad premye edisyon konkou chan “Micro d’or” 2022 an. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.