Voye anvan nan fè bagay oswa jan nou tout konnen l sou non « Bonjou Pwèl oubyen Bèk Atè » se yon sijè ki rete tabou nan sosyete a, paske trè souvan pandan relasyon seksyèl yo gason yo toujou afekte pwoblèm sa a ki konn devlope yon konplèks enferyorite tou lè 2 moun ap fè bagay. Nou menm nan « NET AL KOLE », nou deside fè bilan sou pwoblèm sa a atravè seksyon sante nou an.
Tèm teknik li se ejakilasyon prematire, se yon kalite twoub seksyalite, sa vle di » Gason an voye twò rapid anvan menm fi a pran plezi nan sa kap fèt la » Sa kapab rive yon moun sitou nan; pwoblèm konpòtman, newobyolojik, jenetik epi sitou pwoblèm sikolojik tou, Toutfwa, li enpòtan pou nou konnen « vini anvan » pandan wap fè bagay ak yon moun se yon bagay nòmal. Pwoblèm nan se lè ou fè l chak lè wap fè bagay.
Li difisil pou nou konnen konbyen moun ki afekte nan maladi sa a, men plizyè etid yo montre genyen 20 jiska 30% gason ki genyen sa lakay yo, plizyè syantifik nan domèn Byoloji fè konnen, anpil fwa se konn lakòz pwoblèm sa yo; enflamasyon nan nivo pwostat, lè glann yo twò sansib, paralezit miltip, anomali nan glann tiwoyid, karans spèm epi lè reseptè seworin yo twò sansib elatriye …..
Lè youn nan moun yo kap pran plezi lachè yo voye nan tarif 2 a 5 minit anvan, se pa yon bagay pou pyès moun pran lejè, sa kraze anpil relasyon epi admèt anpil ka twonpri, se sak fè li toujou enpòtan pou nou pran konsèy oubyen vizite yon seksològ ki metrize domèn sa a pi byen.
Ejakilasyon an divize an 2 pati, genyen ejakilasyon prensipal, genyen tou segondè. Prensipal la, li rive ak chak relasyon seksyèl yo, pandan tout lavi 2 moun kap fè bagay yo. Segondè a, li asosye ak yon maladi, tankou twoub erektil, twoub newolojik, pwostatit, bwè alkòl twòp ka lakòz yon gason pa dire nan fè bagay.
Sèvi ak kapòt ka ede w satisfè patnè w la, paske kapòt yo diminye sansasyon glann yo. Li enpòtan pou diminye eksitasyon ak tansyon fè bagay nan lespri w, evite gade fim panno, evite twò gade imaj fanm toutouni, eseye bay yon ti espas ak estrès tou, paske lè w pa strese sistèm ejakilasyon w aktif pi rapid. Pa gen okenn remèd natirèl pou yon moun ki voye rapid nan fè bagay men konsèy sa yo ap sèvi w anpil.

