Gòl Richarlison nan se pi bèl gòl Mondyal 2022 a  

Ravensley Boisrond
Par Ravensley Boisrond
gòl richarlison nan se pi bèl gòl mondyal 2022 a  

Pou Mondyal nan peyi Kata, FIFA te seleksyone 10 pi bèl gòl ki te fèt nan konpetisyon an, kote fanatik yo t ap gen pou vote pou pi bèl gòl konpetisyon an sou entenèt la. Se vre Brezil te elimine fas Kwoasi nan demifinal, sa pa anpeche Richarlison soti a yon pri ki pou konsole li, pou gòl  sa li te make a fas ekip Sèbi a.  

Te gen anpil bèl gòl tankou gòl Sawoudyen an Salem Al-Dawsari fas ekip Ajantin nan epi bèl  frap anwoule Enzo Fernandez la kont Meksik. Nan tout bèl gòl sa yo, FIFA anonse jodi vandredi a se gòl brezilyen an Richarlison, ki pran pri pi bèl gòl pou Mondyal 2022 a, aprè fanatik yo Te fin vote sou entènèt la.  

Bèl kout sizo sa aprè bèl pas gòl Vinicius la nan yon match ki te difisil pou Brezil te ede ekip Selesawo a pran 3 pwen an.  Richarlison ak rekonpans sa, vini aprè Pavard ki fè yon bèl gòl fas ekip Ajantin nan, nan peyi Larisi.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia