Gonayiv : Lapolis etenn souf yon evade prizon nan echanj kout bal

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
gonayiv lapolis etenn souf yon evade prizon nan echanj kout bal

Lapolis nan vil Gonayiv, depatman Latibonit, touye jodi vandredi 7 jiyè 2023 a, “Falens”, yon evade prizon. Daprè sous nou yo, ansyen prizonye a mouri ant lari Lamatinyè ak lari Petyon aprè yon entèvansyon Lapolis nan katye sa yo.

Falens, jan anpil moun konnen l lan, te jwenn arestasyon li pou vòlè afè moun, menmsi dat arestasyon l yo rete enkoni. Li te sove nan prizon plizyè fwa deja. Dènye fwa a se te nan dat 26 janvye 2023, pou kontinye aktivite malvenyan li yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pandan yon operasyon lapolis nan depatman Latibonit te mennen nan kè vil Gonayiv jodi vandredi 7 jiyè 2023 a, ansyen prizonye a pèdi lavi l aprè ajan polis yo ta fèl danse talapta anba kout bal.

Toujou daprè sous yo, plizyè elèv lekòl viktim anba men evade Falens. N ap raple, travay evade a se te vòlè afè moun.

Endividi sa arete epi trennen nan prizon sivil Gonayiv plizyè fwa deja, se sa nou li nan yon atik ki pibliye sou LFH. Dezòmè, li p ap vòlè afè moun ankò. Li p ap jwenn arestasyon l ni sove nan prizon ankò, paske li wè jou lanmò l.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.