Lapolis mare kou krab Pwofèt Berger Moderne pou konkonbwèt li ak bandi

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
lapolis mare kou krab pwofèt berger moderne pou konkonbwèt li ak bandi
Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH), arete pwofèt moderne Berger, aprè midi samdi 14 janvye 2023 a, arestasyon pwofèt la ki te anonse kandidati li pou eleksyon prezidansyèl 2023 a, fèt touprè lokal sinema Triomphe lan, pou asosyasyon kriminèl epi kòkòday ak chèf gang Gran Ravin nan Ti Lapli. Daprè yon pòs enstitisyon an fè sou paj Facebook li. 
Jean Gonzales Diamson Théodore alyas Pwofèt Berger, jwenn arestasyon li kòm konkonbwèt bandi san fwa ni lwa, nan nivo jiridiksyon Pòtoprens lan pa twò lwen sinema Triomphe lan.
Nan piblikasyon ekip kominikasyon PNH la fè a, yo presize akize a te deja gen avi rechèch dèyè l kòm moun ki ta gen twò gwo relasyon ak bandi, sitou chèf gang Gran Ravin nan Ti Lapli, youn nan bandi ki komèt plis ka kidnapin epi komèt plis zak sasinay andedan peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.