Categories: AN KREYÒL

Gouvènman an fikse pri kous machin yo

Share
Gouvènman Ariel Henry a nan yon dokiman 14 paj, ki te pibliye ayè 16 novanm 2022 a, fikse pri machin yo, aprè ogmantasyon pri gaz la sou teritwa naysonal la.
Ajisteman sa a fèt aprè ogmantasyon pri pwodwi petwòl yo ann Ayiti.  Vrèmanvre, nan estasyon sèvis yo, yo vann gazolin 570 goud, dyezèl 670 goud epi kewozèn 665 goud.  Pri sa yo te anvigè depi 14 septanm 2022, dapre yon desizyon Gouvènman Ariel Henry te pran.
1)- Sikui ibèn
– Potoprens – Pòdepè: 2,310 goud.
– Okap – Pòtoprens: 2,600 goud
– Pòtoprens – Okay: 1,250 goud.
-Jakmèl – Pòtoprens: 865 goud.
-Pòtoprens – Jeremi: 1955 goud
– Gonayiv – Okap: 1255 goud
– Pòtoprens – Sen Mak: 580
-Pòtoprens – Ench: 160 goud
– Pòtoprens / Lewogan : 110 goud
2)-Gen kèk pri pou sikui nan zòn metwopolitèn nan Pòtoprens
-Taksi pou zòn metwopoliten an: 100 goud.
-Pòtoprens/ Kafou: 55 goud
-Pòtoprens – Petyonvil: 55 goud
-Delma 65 – Lewogan pòtay: 75 goud
-Pòtoprens – Kenskòf: 175 goud.
Petyonvil – Ri Makajou : 55 goud
Pòtoprens  – Bon Repo: 55 goud
Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by