Gouvènman Ayisyen an prevwa ofri Mikaben yon fineray Nasyonal 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
gouvènman ayisyen an prevwa ofri mikaben yon fineray nasyonal 

Daprè minis kilti ak kominikasyon an Emelie prophète, gouvènman Ayisyen an prevwa ofri yon antèman Nasyonal bay defen chantè a Michaël Benjamin, tout moun rekonèt sou non Mikaben ki te pèdi lavi li nan mitan yon konsè nan vil Pari (Frans) gwoup mizikal Carimi an te òganize samdi ki te 15 oktòb 2022 a nan okazyon fèt egzistans djaz la. 

Nouvèl lanmò jenn patriyòt la pat sèlman afekte fanmi atis la, se prèske tout nasyon Ayisyèn nan ki kriye depa prematire Mikaben pandan konsènCarimi an. Gouvènman an depi aprè lanmò a te montre jan li atriste depa Mika. Aprè yon apèl telefonik ak yon pèsonalite nan gouvènman an,  dirijan yo nan Leta a prevwa ofri yon omaj diy nan memwa Michaël Benjamin (Mikaben). 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Si nan peyi Lafrans kominote a te rann yon omaj vibran bay atis la, an Ayiti, plizyè moun ak òganizasyon nan sosyete sivil la ap mande si atis la pap gen dwa ak yon antèman nasyonal akòz kontèks lanmò li ak drapo Ayiti a alantou l ? 

Nan sans sa a, Minis kilti a di, gouvènman an gen entansyon bay Mikaben yon antèman Nasyonal. Nou konfime enfòmasyon  aprè yon entèvyou minis kominikasyon an Emelie Prophèt bay nan radio scoop fm jounen jedi 20 oktòb 2022 a. Yon desizyon byen merite, daprè sous anonim nou. 

Toutwa, li ta dwe enpòtan pou n raple w kò atis la a toujou nan peyi Lafrans, anpil moun swete fanmi atis la a bay lòd pou rapatriye kadav la a jiskaprezan poko gen anyen ki deside. Nap souliye tou, daprè Radio VOA fineray chantè 41 lane pap fèt nan peyi d Ayiti, daprè sa fanmi an rapote La Voix De L’amerique. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.