Alòske sitiyasyon peyi a pa sispann vin pi mal akòz kriz sosyopolitik ak sekiritè aktyèl la, elatriye, gouvènman ayisyen an deklare devan syèj Nasyonzini li gen kontwòl tout sa k ap pase an Ayiti aktyèlman.
Minis Afè etranjè Jean Victor Généus, ki al reprezante Ayiti devan Konsèy sekirite a, nan plas Premye minis Ariel Henry, fè konnen deja gen lapè nan plizyè rejyon sou teritwa.
“Face à la brutale détérioration de la situation, le gouvernement s’est attelé à rétablir la sécurité dans le pays. Susceptible de garantir la reprise des activités économiques, je suis en mesure d’annoncer qu’à l’exception de quelques cas isolés, la situation est globalement sous contrôle et le calme est revenu dans plusieurs parties du pays […]” : se yon pati nan deklarasyon Jean Victor Généus, devan Konsèy sekirite Nasyonzini an ayè lendi a.
Diplomat ayisyen an salye kouraj ak pwofesyonalis lapolis la ki fè konnen li reprann kontwòl sitiyasyon an epi limite dega yo fas ak gang yo ki gen pi gwo zam ak pi byen ekipe pase polisye yo.
N ap raple daprè gouvènman Ariel Henry, pwotestasyon popilè ki te genyen nan divès rakwen teritwa a se pat sivil ki te alorijin yo men pito se te gang ak zam. Yon diskou Sekretè jeneral Nasyonzini an Antonio Guterres ak tout Lèzetazini te tou kenbe kòm chwal batay yo kont pèp ayisyen an k ap lite pou pi bon kondisyon vi.
Pandan plis pase 2 semèn pi fò aktivite yo paralize nan lakou Pòtoprens ak nan plizyè vil pwovens aprè plizyè depatman te deside leve kanpe pou di « non » ak rejim aktyèl la k ap dechèpiye richès peyi a ak maltrete pèp la depi omwen 10 lane.
Aktyèlman pa gen dlo, pa gen gaz, pa gen manje. Pyès moun pakonn kilè soufrans yo va pran yon fen avèk movèz gouvènans Premye minis defakto Ariel Henry, ki pa sispann pran yon seri desizyon ki kenbe pèp la anba gagann.
Depi 12 septanm pase, plizyè jounen manifestasyon òganize deja pou mande lokatè Primati a remèt demisyon l sou pouvwa, malgre divès dega ki fèt li pa fè yon pa. Toutfwa pèp la anonse mobilizasyon an ap rete “Bwa kale”, fòk Ariel Henry kite pouvwa ak tout parèy li yo.