Lapolis abandone yon gwoup manifestan ki t ap sòti Kafou po ale Matisan 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
lapolis abandone yon gwoup manifestan ki t ap sòti kafou po ale matisan 

Ayè lendi 26 septanm 2022 a, plizyè santèn sityayen nan komin Kafou ak  Gresye te mete pye yo sou beton an  pou yo manifeste kont ogmantasyon pri gaz nan ponp yo epi pou yo te mande demisyon premye minis Ariel Henry nan tèt pouvwa a. Lè manifestasyon an ki te gen anpil moun rive Fontamara 27 yo te pran direksyon Matisan, polisye ki te akonpaye foul la te kase tèt tounen,  yo te kite manifestan yo poukò yo. 

Sou wout yo,  manifestan yo, te gen branch bwa nan men yo ak pankat ki ekri revandikasyon yo ladanl  ki se fòse  gouvènman Ariel Henry  a rekonsidere desizyon l, konsènan ogmantasyon gaz nan ponp yo. Yo te pran direksyon Matisan, lè foul moun sa yo rive Fontama, daprè enfòmasyon ki rive jwenn redaksyonan, bakòp lapolis ki te akonpanye gwo foul moun sa yo te kase tèt tounen, epi kite manifestan yo poukò yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ki vle di, bakòp la te abandone manifestan yo ki te pran direksyon Matisan, yon fason pou polisye sa yo evite ale Matisan, yon zòn ki gen plis pase yon lane depi bandi ak gwo zam ap dirijel. Pandan tan sa, manifestan yo pat arive ale Matisan, paske  te gen kèk  barikad ki te bare yo sou wout yo. Men si sa te rive, foul sa pa  tap gen lapolis avèl. 

Nap raple pwodwi petwòl yo poko disponib sou mache a paske endividi ak zam espesyalman manm gang G9  yo te bloke Tèminal Vare a. Premye minis la te fè konnen gaz yo ap disponib nan ponp yo pa twò lontan. Men jis kounya ratman gaz la ap kontinye, sa ki lakòz plizyè entrepriz tankou lopital kanpe sèvis yo akoz yo pa gen gaz pou yo kontinye fonksyone. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.