Categories: AN KREYÒL

Gouvènman dominiken an mande sitwayen li yo kite Ayiti pi vit posib

Share

Fas ak degradasyon sitiyasyon sosyopolitik yo an Ayiti ki pa bay okenn garanti sekirite, Ministè afè etranje dominiken lanse yon apèl bay sitwayen li yo ki an Ayiti pou kite peyi a nan minit sa posib. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Jatzel Román, sou minis afè etranje dominiken, fè konnen sekirite siwtayen dominiken yo an Ayiti pa garanti sitou nan moman twoub sosyopolitik peyi a ap konnen dènye semèn sa yo. 

Gouvènman dominiken an ap fasilite retounen nan peyi Repiblik Dominikèn tout siwtayen dominiken ki an Ayiti e ki ta vle kite peyi a, presize minis afè etranje dominiken an Jatzel Román. 

Siwtayen dominiken yo ap kapab kontakte ministè afè etranje dominiken an nan direksyon pwoteksyon resòtisan yo pou kapab jwenn kèlkeswa enfòmasyon an ak nenpòt soutyen yo ta kapab gen bezwen pou kite Ayiti, daprè responsab diplomasi dominiken an. 

Jatzel Román raple Repiblik Dominikèn depi lontan te deja avèti siwtayen li yo pou sispann rantre Ayiti si toutfwa se pa ta pou de rezon fondamantal ak esansyèl. 

 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Haiti République Dominicaine