Gouvènman dominiken an otorize kòmand 20 mil 500 galon dyezèl ki fèt depi Ayiti a 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
gouvènman dominiken an otorize kòmand 20 mil 500 galon dyezèl ki fèt depi ayiti a 

Alòske kriz gaz la kontinye ap suiv chimen l pa bò isit nan peyi d Ayiti, Repiblik dominikèn pwofite louvri yon komès gaz ansanm ak plizyè enstitisyon sou teritwa a. 

Gouvènman dominiken an otorize yon antrepriz prive ekspòte 20 mil 500 galon dyezèl nan peyi a, daprè sa jounal Listin Diario rapòte ayè 26 Oktòb 2022 a, sou sit li. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pòt pawòl Prezidans dominiken an, Homero Figueroa konfime enfòmasyon sila yo Reuters pibliye tou. Ajans près sila fè konnen Ministè Endistri ak Komès Repiblik dominiken an apwouve yon kòmand gaz ki sòti depi peyi d Ayiti sou kont yon antrepriz prive, kantite petwòl sila pral pèmèt 3 lopital ak yon pak endistriyèl fonksyone. 

Responsab la deklare « sitiyasyon sa poko prèt pou fini toutotan yo pako gen gaz pa bò kote pa yo ».  

Reuters fè konnen li genyen kòm prèv kontni lèt antrepriz sila, ak otorizasyon Ministè dominiken Endistri ak Komès la bay pou livrezon sila fèt. 

N ap raple AFA Trading te pase yon kòmand 17 Oktòb pase a, epi yo fè konnen y ap gen pou asire livrezon sila pa vwa terès. Depi lè Premye minis Ariel Henry te fin pran desizyon pou monte pri gaz la nan ponp yo epi retire sibvansyon an, pèp la te bloke peyi a epi mande pou l retounen sou desizyon tèt chat sa. 

Chèf gouvènman fè kòmsi l pa wè ak tande, li pa fè anyen, depi lè sa peyi a tonbe nan yon kawo san parèy, anyen pap byen mache : lopital, lekòl, izin fabrikasyon, genyen ki pa p fonksyone, pandan lòt yo oblije modifye metòd fonksyonman yo. Aktyèlman gaz la sou kontwòl bandi G9 nan komin Site Solèy, gouvènman ayisyen an paka pran pyès mezi pou al debloke tèminal Varreux kote gaz la ye, men li pito ap tann entènasyonal la vin pote l sekou.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.