Aprè plizyè semèn aktivite yo te paralize nan Pòtoprens ak zòn ki anviwonnen l yo, kapital la ap reveye piti piti pou kounya. Nan kèk zòn tankou Petyonvil, Delma, Taba ak kèk zòn nan Sant vil Pòtoprens moun kòmanse mete tèt yo deyò pou ale nan aktivite yo.
Nan plizyè zòn sikilasyon an reprann nòmalman, menm kòmanse genyen anbouteyaj alòske kèk tan avan sa lari a te blanch kou koton akòz pat gen machin, lari te bloke chak jou ak barikad, kawoutchou, fatra, wòch elatriye an rezon divès mobilizasyon ki genyen jiskaprezan kont pouvwa anplas la.
Mobilizasyon sila yo fè suit ak desizyon anilasyon sibvansyon ak ajisteman pri gaz la sou mache lokal la. Konsa plizyè milye moun nan yon premye tan – kont kèk santèn pou kounya – te pran lari pou rele chalbare dèyè Premye minis Ariel Henry, Lèzetazini, Lafrans ak Kanada ki konplis, daprè yo menm, nan kriz aktyèl la.
Aktyèlman mobilizasyon an prèske bwè dlo, pèp la paka sipòte mizè ankò ak chita lakay yo pran lari al chèche lavi. Si nan yon premye tan yo te konn pran wout la a pye, pou kounya yo kòmanse jwenn machin pou yo fè pakou a, menm si pri kous yo ogmante.
N ap raple toutfwa malgre repriz aktivite yo nan kèk sektè, sitou komès la avèk ouvèti plizyè antrepriz, genyen lòt ki pako ka fonksyone tankou lekòl, lopital, elatriye. Pa gen gaz an kantite sou teritwa, epi mete sou sa pa gen sekirite akòz bandi ak zam k ap simaye latwoublay ak dèy nan mitan popilasyon an. Malerezman lapolis paka fè anyen jiskaprezan.
Facebook Comments