Gouvènman Luis Abinader la refize kanpe depòtasyon ayisyen yo nan Sendomeng

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
gouvènman luis abinader la refize kanpe depòtasyon ayisyen yo nan sendomeng

Prezidan Luis Abinader nan tèt kole ak Ministè Afè etranjè Repiblik Dominikèn lan deside voye jete byen lwen demann ekspè dwa moun lan, William O’Neill, te fè yo nan mwa pase yo pou te sispann rapatriman sitwayen ayisyen yo. Daprè prezidan Dominiken an, si chèf gouvènman ayisyen yo ansanm ak òganizasyon entènasyonal yo iresponsab fas ak sitiyasyon Ayiti yo, se pa Repiblik Dominikèn ki solisyon an.

Chèf Leta Dominiken an fè konnen tou: “Se pou yo aji yon fason responsab jan yo te dwe aji a, paske, si yo tèlman enkyete vrèman pou dwa moun, yo dwe enkyete tou pou tout pwoblèm sitwayen ayisyen yo ap soufri, dwa moun yo afekte laba chak jou.”

- Advertisement -
Ad imageAd image

Abinader ensiste pou fè konnen se iresponsablite moun ki swadizan rele tèt yo dirijan yo, ki fè alizyon ak òganizasyon entènasyonal yo, ki lakòz yo pa deside bay vag ak seyans depòtasyon yo. Li mande tou pou yo pa bay peyi l la responsab soufrans ayisyen yo. Ministè dominiken afè etranjè an, atravè yon deklarasyon, dekri demann ekspè endepandan Nasyonzini an sou sitiyasyon dwa moun lan an Ayiti, kòm yon demann ki pa chita sou okenn rezon, ni fondman.

Daprè done Ministè afè etranjè dominiken an, pandan 3 lane ki sot pase yo, peyi Sendomeng anrejistre an mwayèn plis pase 35 000 akouchman manman ayisyen nan lopital piblik li yo. Li rapouswiv pou fè konnen “pri sèvis sa yo se gouvènman l lan ki peye yo, ak lajan kontribyab dominiken”.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.