Antonio Guterres mande pou yon fòs lame debake an Ayiti pou vin met lapè  

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
antonio guterres mande pou yon fòs lame debake an ayiti pou vin met lapè  

Sekretè jeneral Nasyonzini an Antonio Guterres pa pase pa 4 chimen pou l mande entèvansyon yon fòs etranje espesyalize nan peyi d Ayiti ki pou vin toke kout zam ak gang yo epi pote lapè. 

Diplomat la deklare : « menm si tèminal Varreux debloke, mwen reyafime nou dwe deplwaye an tout ijans yon fòs lame espasyalize entènasyonal, janm te di l nan lèt mwen te adrese 8 Oktòb pase a bay prezidan Konsèy sekirite a. »  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan yon rapò li drese 17 janvye 2023 a, men ki pibliye ayè lendi 23 janvye a, Sekretè jeneral Nasyonzini an drese yon tablo sonb sou sekirite peyi a, epi fè konnen li nesesè anpil pou yon entèvansyon fèt prese prese pou vin jere sitiyasyon an. 

Nan rapò li, Sekretè jeneral Nasyonzini an revele kantite krim yo ogmante sou teritwa ayisyen an tou. Nasyonzini anrejistre 2183 ka omisid, swa yon ogmantasyon 35,2% pa rapò ak ane avan sa a kote se mil 615 ka ki te siyale sèlman. 

Ka kidnapin yo kontinye ogmante tou, yo monte ak 104,7%. Daprè lapolis kidnapin nan fè mil 359 viktim, pami yo 294 fanm ak 23 tifi an 2022, kont 664 an 2021, daprè menm rapò a, ki souliyen twoup sivil yo rann sitiyasyon a pi grav. 

Kidonk Sekretè jeneral Nasyonzini an Antonio Guterres di l ijan pou gen yon entèvansyon ki fèt nan peyi a san pran tan pou konbat gang yo, pou mete demokrasi kanpe epi pou jwenn yon solisyon ak kriz sosyopolitik la k ap ravaje teritwa depi plizyè ane deja. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.