Categories: AN KREYÒL

Grèv la ap kontinye nan Lopital Jeneral

Share

Pandan kèk kontinye ap mande tenb ak paspò pou yo eseye kite peyi a, Lopital Jeneral kontinye ak grèv la a. Preske yon mwa apre yo te kòmanse mouvman yo, doktè rezidan yo nan Lopital Inivèsite Leta d Ayiti toujou an grèv jodi a pou yo mande yon pi bon kondisyon travay ak disponiblite sèvis minimòm yo. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Doktè rezidan yo nan Lopital Inivèsite Leta d Ayit i a,  nan fen lane ki sot pase a, te fè grèv pou mande oksijèn ak kouran nan sant sante a, pandan yo te kontinye  ap mande ogmantasyon salè yo akoz depresyasyon lajan nasyonal la kont dola ameriken an. 

Daprè Yveson Samuel, ki se  Pòtpawòl komite rezidan yo, Lopital la nan yon sitiyasyon ki trè konplike ki trè almant, daprè sa Pòtpawòl la di,  yo ap travay nan yon espas ki chaje ak rat ak sourit ladanl. ” Nou paka ap travay nan yon kondisyon konsa”, te di Yveson Samuel nan laprès, avan li te kontinye pou li di ” si nan yon Lopital nòmalman ou dwe trete maladi, ebyen nan Lopital Jeneral ou kouri risk pou trape maladi pito.” 

Se sak fè, Pòtpawòl Komite Rezidan yo, Yveson Samuel, te fè konnen, mank resous yo nan Lopital Jeneral lakòz yon gwo efondreman nan sistèm sante a. 

Li enpòtan pou nou souliye nan lane 2022 a, Lopital Jeneral te sibi anpil mouvman pwotestasyon kote rezidan yo tap mande ogmantasyon salè ak pi bon kondisyon travay e jiska jounen jodi a yo ap mande menm bagay la. Rezidan yo denonse kounye a lefètke yo resevwa mwens pase 400 goud pa jou  ki apeprè 2.8 dola ameriken, epi yo denonse tou lefètke yo pa gen aksè a pwoteksyon sosyal. 

Yon lòt bò, yo kritike sitiyasyon kote Sant Sante a pa gen materyèl oswa ekipman adekwat, pa menm pou ijans, epi yo denonse mepri otorite sante yo ki pa fè okenn aksyon nan lide pou yo ta chanje sitiyasyon kritik sa a nan lopital la. 

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by