Aprè match nil Manchester City fas ak ekip RB Leipzig la nan Red Bull Arena (1-1), mèkredi pase a, antrenè Pep Guardiola ki pat fè okenn chanjman nan match la malgre tout bon eleman li te gen sou ban, bay esplikasyon sou chwa « zewo chanjman » fas klèb almann lan nan 8tyèm final ale Champions League la.
Teknisyen Citizen yo te choke anpil, fanatik foutbòl nan kad 8tyèm final ale Champions League la fas ak ekip RB Leipzig la kote li pat fè yon grenn chanjman pou ekip Manchester City a, ki te bezwen solisyon aprè ekip Leipizig la te fin egalize nan 70zyèm minit. Ansyen antrenè Barcelone nan esplike desizyon sa.
» M te vrèman renmen sa m te wè a. Aprè gòl nou te fin pran an, m te panse fè Phil Foden antre nan match la men nou te vin gen kontwòl jwèt la epi gen balon an. Alman yo t ap jwe ak 6 jwè devan : 4 te bay ekip la lajè epi 2 lateral yo t ap jwe tankou elye epi kouri san rete. Fason yo tap fè pas yo ak jan yo tap jwe a te fè n gen kontwòl match la pi byen, Mahrez ak Gündogan te pran kontwòl jwèt la, se sa nou te bezwen, sitou nan premye mitan. » deklarasyon teknisyen Citizen nan.
Ansyen antrenè ekip Baryern Munich lan, te kontinye pou l di : « Nan dezyèm mitan an m te kapab deside jwe tankou moun fou epi jwe ak 9 atakan. Men nan match sa, konesan klèb alman yo, m te santi ekip la jis bezwen gen kontwòl match la ak balon an, nan jwèt laj yo ekip alman yo pi fò pase nou. » Se sa Pep Guardiola fè konnen.
City k ap tann ekip RB Leipzig la nan Etihad Staduin nan 14 mas k ap vini la pou 8tyèm final retou Champions League la, pa ka fè yon lòt fo pa si yo vle kalifye pou kadefinal. Eliminasyon Skyblues yo ap yon lòt echèk pou Guardiola, k ap chache tit sa depi sa l te pran ak Barcelone lan sou Manchester United (2-0) pou sezon 2008-2009 la.
Facebook Comments