Yon fanm pouswiv mennaj li lajistis paske l pa janm mande l maryaj

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
yon fanm pouswiv mennaj li lajistis paske l pa janm mande l maryaj

Gertrude Ngoma, yon jenn fanm 26 lane, pouswiv mennaj li Herbert Salaliki douvan lajistis akòz misye ta gen 8 lane renmen ak li, li pa janm fè l yon demann maryaj yon jou… Alòske li gentan fè yon pitit ak jennonm lan.

Anpil fi ki gen plizyè lane renmen ak yon gason toujou fokis epi enpasyan pou tann patnè li a desann sou jenou l pou fè l yon sakre demann maryaj ak yon sèl kesyon,  » Èske w aksepte marye avè m »[…] Sa ki konn souvan pa rive nan sèten relasyon, se te menm ka a pou Gertrude Ngoma, yon pòtray fanm 26 lane ak yon pitit sou bral depi 8 lane pou yon mennaj li. Demwazèl la pase 8 lane ap tann chak jou yon demann maryaj ki pa janm rive nan jou l, jiskaske l te deside rele patnè l la lajistis, paske l te santi li vle avantire l plis epi konpòte l an madan marye.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Moun yo ki renmen an konn twò anvi avantire dezi maryaj san pou otan yo pa prepare, yo bliye si 2 moun ka gen 10 lane ansanm yo poko prè pou marye, youn nan bagay ki lojik kòd sivil yo aprann koup yo, pou w konvenk ou ka marye, fòk gen chita pale ant 2 anmourè anmourèz yo, pou 2 moun yo konsyan yo pataje menm chwa. Yon fwa gen youn nan moun yo ki opoze chwa lòt, dwe gen yon eksplikasyon valab nan sousi pou youn konprann lòt.

Gertrude Ngoma pa t wè ni devan ni dèyè lide mennaj li Herbert Salaliki ta ka gen dèyè tèt li, li te oblije trennen l douvan tribinal, paske l konsidere misye pase 8 lane ap fè l gaspiye tan l, enfòmasyon an te touswit anvayi jounal yo nan laprès, kotidyen yo pa t pran tan pou anonse tit ensolit sa a sou twal la, reyaksyon yo pat piti sou entènèt la.

Paske li pa pwopoze l maryaj aprè 8 lane, Herbert Salaliki, ki genyen 28 lane ak manman pitit li Gertrude Ngoma, 26 lane, ta pral oblije konparèt devan yon tribinal pou pote limyè sou buzz sila a.  » Mwen santi m fatige, mwen fristre pou gaspiyaj tan sa m ap viv depi 8 lane a », te fè konnen Gertrude Ngoma

Sit nouvèl la ki sèvi redaksyon an kòm sous enfòmasyon an « Tuko » rapòte, Gertrude te santi papa pitit li a pa t ase serye nan relasyon an, malgre daprè prensip tradisyon Zanbi natif natal yo Herbert Salaliki te peye pri lamarye a bay fanmi Gertrude Ngoma, sa ki te sousi Gertrude se te genyen bag la nan dwèt li, pou l ap fè gran panpan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.