Gwo aksidan nan zòn Nazon, yon kamyon Diesel rantre sou yon bis plen ak moun

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
gwo aksidan nan zòn nazon, yon kamyon diesel rantre sou yon bis plen ak moun

Aprè midi samdi 29 avril 2023 a, yon kamyon ki t ap transpòte gaz Diesel rantre sou yon bis ki tap monte mòn jewosye pi presizeman nan zòn Nazon. Enfòmasyon nou rive jwenn, bis la te plen ak moun ladan l men pyès moun pa rive blese ni mouri pandan aksidan sikilasyon sila a.

Jounen samdi 29 avril 2023 sa a mòn Nazon rekonèt yon grav aksidan sikilasyon, yon bis ki t ap monte mòn jewosye a fè kolizyon ak yon kamyon ki t ap desann. Popilasyon an ki t ap asiste te toutswit kreye mwayen nesesè pou pote sekou yo ak pasaje yo ki te nan machin yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

N ap raple pa gen moun ki mouri ni blese nan aksidan sikilasyon sa a. daprè tout eleman enfòmasyon nou rive kolekte.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.