Gulabi Gang : Yon gwoup fanm ki bay tèt yo misyon pou kale gason k ap bat fanm

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
gulabi gang yon gwoup fanm ki bay tèt yo misyon pou kale gason k ap bat fanm

Gulabi Gang se yon gwoup ki fèt nan Bundelkund presizeman nan Uttar Pradesh, se yon mouvman ki regwoupe plizyè fanm ki bay tèt yo misyon pou konbat vyolans domestik ak vyolans sou fanm. Se Data Satbodh Sain ki fonde gwoup la, men se Sampat Pal Devi ki ta pral dirije l. Plizyè fanm antre nan gwoup la depi 2010. Gwoup la fòme ak fanm ki gen laj ant 18 ak 60 lane. Li te patikilyèman aktif nan nò peyi End.

Gang Gulabi a soti nan vil agrikilti Badausa nan kè Banda, youn nan rejyon yo konnen ki pi pòv nan Uttar Pradesh. Vil la gen yon gwo popilasyon Dalit (klas Entouchab) ki fè diskriminasyon kont manm yo nan kas siperyè yo. Fanm Dalit yo gen estati sosyal ki pi ba nan sistèm klas yo ak sèks yo. Yo konstitiye majorite manm yo nan Gulabi Gang lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Gwoup Gang sa a te fòme nan lane 2002 anba inisyativ Sampat Pal Devi, aprè yon ensidan ki te enspire l, se pandan l te soti, lè l ap tounen lakay li yon aswè, li te tande yon zanmi l ki t ap kriye anba chaplèt yon mari l ki alkòlik, lapolis te inyore ensidan an lè yo te fè apèl ak yo. Li te blije rantre pou pote zanmi an sekou, mari a te pase woulo a sou li tou.

Aprè li fin rasanble kèk vwazen, li tounen lakay zanmi an, li bat mari a byen bat epi maltretel a souflèt devan kominote a. Evènman sa a te enspire Devi pou kreye yon gwoup fanm aktivis nan lide pou bay fanm yo jistis kont agresyon.

Kèk moman mouvman makan

° Nan mwa jen 2007, lidè Sampat Pal Devi te tande boutik gouvènman bon mache yo limite kantite ble y ap distribiye bay vilaj yo. Li te mennen gwoup gang lan al espyone magazen yo an kachèt, yo te rasanble prèv epi li te dekouvri vrèman vre, kamyon livrezon yo te pote grenn yo nan magazen prive yo epi yo vann yo ak yon pri egzajere. Sampat Pal Devi ak gang yo te pote prèv yo bay otorite lokal yo epi yo te mande pou yo retounen ble a nan magazen gouvènman yo, men gouvènman an te inyore plent yo.

° An 2007, yon nonm ki soti nan klas ki pi wo yo te vyole yon fanm ki soti nan klas Dalit la, men ensidan an pa t rapòte nan jounal. Moun nan vilaj yo ak manm nan klas pi ba yo te pwoteste pou gremèsi, epi anpil nan pwotestatè yo te jwenn arestasyon yo pou sa. Gang Gulabi nan batay yo te eseye libere abitan yo ki te nan prizon paske yo t ap pwoteste a.

Daprè jounal afriken an Al Jazeera, gwoup gang sa a te genyen plis pase 400,mil manm nan ane 2014.

Gang Gulabi te vin legal nan tout End lan, yo te ranpòte prim Kelvinator 11 GR8 Fanm yo! yon prim ki ofri pa Akademi Televizyon Endyen an. Yo te genyen tou meday Godfrey Phillips nan kouraj pou kouraj sosyal, yo konn ofri nan Uttar Pradesh, Uttarkhand, ak New Delhi.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan dat 2 Mas 2014, Sampat Pal Devi te pèdi pozisyon li kòm chèf Gulabi Gang, aprè akizasyon iregilarite finansye yo epi yo te akize l paske li mete enterè pèsonèl li anvan enterè gwoup la.

Èske se yon gwoup gang k ap simen lagè oubyen Leta entèdi ?

Gang Gulabi a se pa yon gwoup ki gen pyès pwoblèm ak Leta oubyen yon gwoup gang ki totalman entèdi, men se pito yon gwoup fanm k ap travay pou moun y ap maltrete sitou fanm, jwen jistis. Fanm yo mete inifòm woz sari ki senbolize fòs, epi yo pote baton banbou ki souvan itilize kòm zam si sa nesesè. Pifò nan fanm yo soti nan yon vil ki trè pòv epi yo soti nan klas ki pi ba a, tankou Dalit yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Patenarya Gulabi Gang lan ak twazyèm pati yo gen ladan yon patenarya ak Vitalect, yon konpayi teknolojik ak sèvis ki sipòte òganizasyon ki pa pou pwofi, yo ede yo ak bezwen teknolojik yo, ak Sosyal Solisyon End (SSI), yon sosyete san bilikratif ki ede ONG yo estabilize.

Sèvis kominotè a gen ladan l distribisyon manje ak ble bay vilaj yo nan zòn riral yo, pansyon pou vèv ki pa gen mwayen pou yo viv nan vyeyès yo, ak prevansyon abi sou fanm ak timoun tankou: dòt, vyolans fizik, dòt lanmò, vyòl. , maryaj fòse sou timoun, vyolans domestik, dezè, privasyon edikasyon, pedofili, arasman seksyèl elatriye.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.