Gwo dyalòg tanmen sou do Ayiti pa bò kote pouvwa ak opozisyon an an Repiblik dominikèn

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
gwo dyalòg tanmen sou do ayiti pa bò kote pouvwa ak opozisyon an an repiblik dominikèn

Depi plizyè jou plizyè pati an Repiblik dominikèn, pami yo opozisyon an, tanmen divès chita pale ak pouvwa a depi 3 mas pase a nan lide pou jwenn yon antant pou wè kijan yo ka fè fas ak kriz la an Ayiti, yon peyi ke gang fin ravaje.

4 komisyon kreye, anplis zafè Ayiti a, y ap trete zafè politik etranjè, kontwòl fwontyè yo, migrasyon ak efè ekonomik yo genyen an Repiblik dominikèn. Swit ak chita pale sila yo, pwotagonis yo ta dwe prezante yon dokiman avan 15 avril k ap vini la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sou demann prezidan Luis Abinader tout pati opozisyon yo te rasanble, sof Liberasyon Dominikèn (PLD) ak Revolisyonè Dominiken (PRD) ki pa t prezan. Nan yon diskou l, Chèf Leta dominiken te mande tout fòs viv nasyon an pou yo pran angajman pou adopte divès fòmil epi ekzekite divès politik ki efikas ak koyeran, ni nan zafè sekirite ak defans epi politik etranjè, ki gen rapò avèk kriz la nan peyi d Ayiti.

Gouvènman dominiken an, ak majorite pati politik ki nan opozisyon yo, mete divèjans yo a kote pou ini lide yo pa rapò ak kriz la nan peyi d Ayiti. Mwa janvye pase, yo te mande kominote intènasyonal la, fè yon entèvansyon san pran tan fas ak sitiyasyon an sou teritwa ayisyen an. Kòz okenn mezi pako pran pou rezoud kriz la pa bò isit, yo pran chimen dyalòg pa bò kote pa yo pou evite ensekirite a fè plis enpak sou Repiblik dominikèn.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.