Katriyèm pi gwo vil peyi a te leve sou brezeng yo byen bonè maten mèkredi 7 septanm nan pou fòse lokatè primati a lase soulye l nan tèt peyi a. Plizyè katye te bloke, aktivite ekonomik yo te sanse paralize nèt. Se pa premye soti yo pwotestatè yo pa gen entansyon abandone. Selon sa sous nou rapòte redaksyon NAK MÉDIA
Vil la anba tansyon depi plizyè jou, manifestan yo ki soti nan divès rakwen kontinye ap mande demisyon ekip gouvènman Ariel la ki poko janm regle yon bagay pou l jwenn remèsiman
Yo denonse tou ensekirite, povrete, lavi chè ak move gouvènans lidè yo ki pretann yap dirije a.