« He Ha!! » – Klass fè koze nan Repiblik Dominikèn

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
he ha!! klass fè koze nan repiblik dominikèn

Aprè plizyè mwa pa pwodui anyen kòm yon mòso oubyen yon eslogan ki pa hit. Klass, te òganize premye bal li pou ane 2023 a samdi 21 janvye a nan peyi Vwazen (Repiblik Dominikèn). Sa anpil moun pat panse, djaz la anpil moun pretann ki pi chèlbè a mete anpil moun sou konpa ak nouvo eslogan sa a, epi nouvo tit sa a  » He Ha ».

 

Depi aprè konpozisyon « 10 sou 10 » la ki pat danse pwent nen fanatik li yo, Klass te depoze plim, mikwo, enstriman yo atè san pwodui anyen pandan 8 mwa. Nan aswè 21 janvye 2023 sa a, ekip ti chèlbè yo te deside òganize premye bal yo pou ane 2023 a. 

 

Se pandan yo t ap chante mizik « Ranje Chita w » la ki plase an 3zyèm sou albòm 2016 la « Fèl Ak Tout Kè w ». Mayestwo Richie te tou entegre eslogan sa a ki pwononse konsa « Hé Ha », melanje ak yon dans tankou se te timoun ki t ap danse  » sur le pont, dans la rivière »,  foul la ki te pran plèzi fason mizisyen yo ak chantè yo t ap danse a te pran nan kouran an tou, entènèt la te chofe, Klass netwaye absans li t ap briye depi 8 mwa a.

 

https://fb.watch/ienTow7Qca/?mibextid=RUbZ1f

 

Nan yon entèvyou li bay ak jounalis Olfton Benoit(OB), sitou sou prestasyon an, Jean Hérard Richard, alyas Mayestwo Richie, konpozitè, batè pwofesyonèl epi chantè gwoup Klass fè konnen, « Hé Ha » a jan tout moun t ap repete epi danse a se tit yon mizik ki pa lwen soti, li garanti nan mikwo jounalis la piblik la paka pa apresye mizik lan, yon deklarasyon ki sèten sitou sou emosyon ak nanm ki te kenbe prestasyon an.

 

Kèk kòmantè kle ki te plis vizib sou rezo sosyal yo

 

« Leta Dominiken mande pou Klass rekonstwi espas kote yo tap jwe nan SenDomeng lan aprè pwogram lan. Klass kraze espas la, avèk yon new slogan, new dans pou 2023 a. 🔥🔥🔥 nap fè koze san album 🤔🤔 »

 

« Men bagay la😄😄🙆‍♂️🙆‍♂️🙆‍♂️🙆‍♂️ apa li papa, yo anmède djaz sa twòp, mwen te pale nou. Djaz sa de konvansyon li fè, nenpòt kote djaz sa prale, li mache ak tout fanatik li. DEMANTIM SIW KAPAB💯❤️💯♥️ »

 

« KLASS  fè anpil lobèy Yèswa nan Santo Domingo »

 

« Maestro Richie  bay goute nan mizik ki pral soti yo, nouvo slogan. »

 

Aprè 8 mwa silans, san eslogan, san konpozisyon, èske Klass ap ka kenbe van pwodiksyon sa a ki anonse nan HMI la, lèn konsidere kout bagèt majik ki deja anonse bò kote divès lòt atis ak gwoup ?

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.