Yon jèn fanm 23 lane akize Daniel Alves pou vyol nan peyi Espay 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
yon jèn fanm 23 lane akize daniel alvez pou vyol nan peyi espay 

Aprè yon jèn fanm 23 lane akize Daniel Alves pou vyòl nan yon bwat ki bay plezi lanwit nan vil Barcelone, jou ki te 30 desanm 2022 a, ansyen jwè Barcelone nan pase nwit li nan prizon vandredi pase a. Aprè star Brezilyen an te fin inyore akizasyon yo, kèk videyo montre a klè jwè a te nan bwat la jan jèn fanm lan fè konnen an. Yon sityasyon ki parèt konplike pou jwè Pumas la nan peyi Meksik.  

Daniel Alves pase nwit vandredi a nan prizon Brians 1, aprè yon jèn fanm 23 lane akize l pou vyòl nan yon bwat ki bay plezi lanwit. Sutton se non bwat lanwit sa, kote Daniel Alvez ta sanble vyole jèn fanm 23 lane a, nan yon espas kote moun fè bezyen ijyèn yo.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè akizasyon sa, otorite yo nan vil Barcelone, te oblije mete star Brezilyen an nan prizon pou l pat sove. Sityasyon an parèt pi konplike pou Daniel Alvez, aprè li te fin demanti akizasyon sa, kèk videyo, kèk imaj ak rapò medikal jèn fanm ta pral rive jwenn jij ki reponsab dosye a. 

Pou kounya Daniel Alves nan prizon Brians 1, pou kèk mwa. Avan pwosè a rive fèt pou sa jèn fanm 23 lane a ta akize jwe 39 lane a. Daprè yon jounalis ki rele Mayka Navarro de La Vanguardia, Daniel Alvez pase yon move nwit nan prizon an, li pat ka pale epi li pat rive manje.  

Daprè imaj ak videyo yo, jwè a te nan bwat ki bay plezi lannwit 30 desanm, avan l te ale Meksik pou l te jwe 8 janvye pou klèb li Pumas fas Juárez, li kanpe kontra ak klèb la menm jou akizasyon an, te retounen nan Barcelone akoz bèl mè li ki lopital avan menm li te mouri.  

Pou kounya dosye a nan men Kou Jistis Katalan pou yo konn si Daniel Alvez koupab, pou yo voye l nan yon penitansye oubyen libere l. Pou jèn fanm 23 lane a ki gen lajan, li fè  konnen li pa bezwen kòb men li vle jwenn jistis li.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive