Human Rights Watch mande pou kominote entènasyonal la ede Ayiti rezoud pwoblèm pwopagasyon kolera a 

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
human rights watch mande pou kominote entènasyonal la ede ayiti rezoud pwoblèm pwopagasyon kolera a 

Plizyè ka kolera konfime nan peyi a kontinye ap ogmante, òganizasyon entènasyonal yo di yo pè pou sa pi vin pi mal. Se nan sans sa a, nan yon kominike ki pibliye nan dat 18 oktòb 2022 a, Human Rights Watch mande yon repons ijan pou kolera a, yon fason pou maladi a pa anvayi plis nan peyi a. 

Nan kominike sa a, òganizasyon dwa moun sa a ki baze nan Washington DC di kominote entènasyonal la dwe ede Ayiti rezoud pwoblèm pwopagasyon kolera a nan livre an ijans gaz, medikaman ak dlo potab pou moun. Li fè konnen tou Lòt peyi yo dwe kanpe sou depòtasyon yo, kanpe sou mete ayisyen deyò akoz sitiyasyon imanitè a k ap vin pi mal, mete sou kriz sekirite, jistis ak politik la ki vin pi grav. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Depi konfimasyon premye ka kolera jou ki te 2 Oktòb 2022 a, kolera pwopaje rapidman. Pou rive jou ki te 16 Oktòb pase a, te genyen 835 ka sispèk, 78 ka konfime epi pou pi piti genyen 36 moun ki mouri, daprè yon rapò Ministè Sante Piblik. Enfrastrikti sante yo te reyalize 493 tès kolera. Daprè Òganizasyon Panameriken Lasante, kantite reyèl ka ki genyen yo « ta pi plis toujou » paske vyolans gang yo limite aksè pou rive nan zòn ki afekte yo », eksplike òganizasyon an nan kominika a, tout pandan li fè konnen mank aksè pou jwenn dlo potab ak asenisman, ensekirite alimantè k ap pèsiste epi swen sante ki pa adapte kreye bon jan kondisyon pou pwopaje maladi kolera,” daprè César Muñoz, ki se yon Chèchè Senyò nan Human Rights Watch 

 « Kominote entènasyonal la dwe reponn an ijans fas ak gwo menas ki genyen sou sante ak lavi moun yo, patikilyèman jenn timoun ak lòt moun ki vilnerab yo. » , te deplore òganizasyon an. 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.