IGPNH anonse sanksyon kont polisye ki koupab nan lanmò jounalis Romelson Vilcin an

Ravensley Boisrond
ParRavensley Boisrond
igpnh anonse sanksyon kont polisye ki koupab nan lanmò jounalis romelson vilcin an
Enspeksyon Jeneral Lapolis Nasyonal Dayiti a (IGPNH) fini ak  ankèt administratif li sou ensidan ki te pase nan komisarya Delma 33 a, kote Romelson Vinlcin, yon travayè laprès te pèdi lavi l, aprè li te frape nan tèt ak yon bonbòn gaz lakrimojèn nan dat ki te dimanch 30 oktòb 2022 a.
Vrèman vre, nan yon korespondans ki te adrese a prezidan Asosyasyon Medya Ayisyen an, Jacques Sampeur, Enspektè Jeneral PNH la, Fritz Saint Fort fè konnen rekòmandasyon pou sanksyon yo te soumèt bay Direksyon Jeneral Lapolis la ki pral pran dispozisyon ki apwopriye, aprè ankèt administratif IGPNH la sou lanmò jounalis Romelson Vilcin an.
Selon sa Enspektè Jeneral la rapòte, rezilta  ankèt la revele yo idantifye ofisye lapolis ki otè zak sa a, ki lakòz lanmò Romelson Vilcin an.
Sepandan, nan korespondans sila a, Fritz Jean pa revele idantite Polisye sa ki koupab nan lanmò jounalis  la, men li fè konnen yo pran angajman pou kominike desizyon final ankèt la, nan yon moman apwopriye.
N ap raple, nan dat ki te dimanch 30 oktòb 2022 a, jounalis Radyo “Génération 80” an, Romelson Vilcin te frape ak yon bonbòn gaz  lakrimojèn nan tèt pandan yon mouvman pwotestasyon kòlèg laprès  te òganize nan lakou komisarya Delma 33 apre yo te fin arete konfrè yo, Robest Dimanche.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia