Yon gwo dife eklate nan pakin ministè jistis ak sekirite piblik la nan lakou Pòtoprens, jounen jedi 16 desanm nan vè midi. Dife sila rive boule plizyè machin ki te nan espas la.
Apre dilijans 2 premye kamyon ponpye, fòs dife a ta pral redui men pat rive etèn paske dlo yo te fini. Sa k te fè gen kèk anplwaye ak kèk bon pwochen ki pa t twò lwen ki t oblije fè chèn pou ap vide dlo pa ti bokit.
Finalman, yon 3zyèm kamyon ponpye, ki soti Dèlma, te vini epi rive etèn dife a. Pèt materyèl yo konsiderab. Sepandan, nou poko an mezi pou n di si gen moun ki mouri oubyen boule. Nou poko konn kisa k fè dife sa pran non plis.
N ap raple w : evennman sila rive sèlman yon jou aprè eksplozyon yon kamyon sitèn ki te touye anviwon 75 moun e fè plis pase yon senkantèn blèse nan zòn Lafosèt, Okap.