Inogirasyon Inite Medikal Sonapi

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
inogirasyon inite medikal sonapi
Anplwaye Sonapi kounye a gen yon Inite Medikal pou bay swen ak depandan yo.  Inite Medikal Ofatma sa a gen ladann yon sèvis ijans, matènite, jinekoloji, pedyatri ak swen dantè.  Ariel Henry inogire inite sa a  Ofatman te konstwi  pou benefis anplwaye Sonapi yo.
Premye Minis Ariel Henry  ki te asiste ak inogirasyon sa a, salye kolaborasyon OFATMA ak Sonapi ki te pèmèt pwojè sa a reyalize nan yon tan rekò.
Redevlopman espas sa a gen pou objaktif pou bay pi bon pwoteksyon sosyal pou anplwaye yo ak depandan yo.  Epi se sa gouvènman an vle, ”te di Premye Minis la, tout pandan li te kontinye pou li renouvle dezi gouvènman l lan pou sipòte anplwaye nan sektè twal la.
Bò kote pa l Direktè Jeneral Sonapi a, Pétricks di li espere koperasyon sa a, ki pote inisyativ solid sa a, ap kontinye nan benefis popilasyon an.
Carl Francois limenm  fè konnen nouvo inite OFATMA sa a gen ladan l tout sèvis debaz tankou Ijans, konsiltasyon jeneral, odontoloji, pedyatri, matènite, elatriye.
Doktè Carl François, ki akeyi materyalizasyon pwojè sa a, repete dezi li pou mete titilè yo nan kè aksyon OFATMA yo.
[fvplayer id= »6″]

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.