NETALKOLE

Izolan nan kanaval, yon patisipasyon polemik

Jean Leonard Tout-puissant moun plis konnen sou non Izolan ki t ap patisipe nan kanaval meri Pòtoprens lan ane sa, fè anpil pale aprè l te fin fè konnen, sa gen anviwon twazan, kondisyon yo nan peyi an pa t reyini pou òganizasyon aktivite sa.

Rapè Barikad Crew an ki te prezan sou cha DJ Wayne lan nan defile twa jou gra yo sou Channmas lan, ta pral tante jistifye prezans li nan aktivite kanaval yo ane sa fas ak lapli kritik l ap resevwa akoz chanjman pozisyon l sou kesyon òganizasyon kanaval nan peyi an dènye ane sa yo.

« Pou jan san ap koule la, ensekirite tout kote, kidnapin, moun ap mouri, timoun pa epanye, polisye ap tonbe, èske nou panse se yon bon moman pou n al pran plezi? », kesyon atis la te poze nan dat 23 janvye 2020 sou kont Twitter li.

Izolan ki rekonèt sitiyasyon global peyi an pa chanje depi aprè l te fin pran pozisyon sa sou administrasyon Jovenel Moïse lan, fè konnen prezans li nan kanaval meri Pòtoprens lan ane sa, se pou kapab krache fristrasyon l epi denonse tout sa ki pa bon k ap fèt nan peyi an dènye tan sa yo.

Rapè Barikad Crew an fè konprann, kòm atis, mikwo l se prensipal zam li genyen pou fè pase mesaj li vle yo. Izolan ki t ap adrese l ak moun k ap kritike l yo, fè konnen li se youn nan viktim sitiyasyon peyi an menm jan ak tout moun sa yo ki te deside ale Channmas pou al danse kanaval ane sa.

Akoz ensekirite an k ap taye banda nan prèske tout kwen andedan peyi an, pitit li ansanm ak lòt pwòch li oblije kite Ayiti pou al viv lòt kote ki rann jounen jodia l ap viv lwen fanmi l, eksplikasyon Izolan sou cha li t ap mete animasyon pandan pakou kanaval lan.

N ap raple, pou ane 2023 sa, gouvènman an plas lan pa t deside òganize kanaval nasyonal nan peyi an kote se Meri yo ki t ap pran inisyativ reyalize aktivite sa yo nan fason separe pandan twa jou gra yo. Akoz ensekirite, komisyon minisipal Pòtoprens lan te deside li menm òganize defile kanaval pa l yo nan lajounen.

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Articles Similaires

1 de 1 075