Militè dominiken k ap siveye fwontyè an mete lapat sou 6 endividi ayisyen, manm gang, ki ta gen avi rechèch dèyè yo pou enplikasyon yo nan divès zak asasina nan peyi Dayiti.
Daprè yon kominike Lame dominikèn, endividi sa yo ki rantre ilegal sou teritwa dominiken an nan pwovens « Independencia » t ap kouri pou lajistis ayisyèn, prensipalman Lapolis ki t ap chache yo.
Militè yo ansanm ak yon ekip Direksyon sèvis ransèyman Lame dominikèn mete lapat sou 6 endividi sa yo ki ta manm gwoup gang k ap opere nan peyi Dayiti kote yo ta enplike nan asasina divès sivil ansanm ak polisye.
Daprè Lame dominikèn, otorite yo ta pral transpòte 6 endividi sa yo nan baz fwontalye yo genyen sou fwontyè Malpas la pou remèt yo ak Polifront ki se inite nan Lapolis la k ap sekirize fwontyè a.
N ap mansyone, fas ak monte vyolans lan sou teritwa nasyonal la, otorite dominikèn yo kontinye ap mete an plas tout kalite mezi pou sekirize fwontyè an epi anpeche moun ki enplike nan zak kriminèl yo an Ayiti rantre sou teritwa pa yo an.
Facebook Comments