Yon ansyen prezidan dominiken di “vle pa vle” fòk yon fòs etranje rantre an Ayiti

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
yon ansyen prezidan dominiken di “vle pa vle” fòk yon fòs etranje rantre an ayiti
Leonel Fernandez, ki se yon ansyen prezidan Repiblik dominikèn, rete kwè se sèlman atravè deplwaman yon fòs etranje peyi Dayiti ap ka rale yon souf anba men gang yo k ap teworize popilasyon an.
Nan dat 28 janvye pase a pandan yon reyinyon nan Santiago, prezidan pati Fòs Popilè a deklare “Leta ayisyen totalman efondre, epi li sèl p ap kapab retabli lòd nan peyi Dayiti”. Se poutèt sa li deklare fòk yon fòs etranje foule sòl la pou Ayiti jwenn lapè.
Daprè responsab la, kominote entènasyonal la pa dwe rete ap swiv tankou espektatè sa k ap pase sou teritwa ayisyen an aktyèlman, pandan l te pran kòm referans dènyè sèn vyolans jedi pase yo aprè plizyè polisye ak zam epi endividi an sivil, te chwazi atake kay premye minis Ariel Henry, akòz gouvènman te rete endiferan fas ak lanmò plis pase yon douzèn polisye anba men gang yo nan kapital la Pòtoprens ak nan kèk vil pwovens.
Ansyen prezidan dominiken an di li swete kominote entènasyonal la patisipe atravè yon mekanis pou remete demokrasi kanpe gras reyalizasyon eleksyon yo pou mete sou pouvwa dirijan ki lejitim. Sa ap pèmèt daprè li menm lapè tounen nan peyi d Ayiti.
« Vrèman vre, Leta ayisyen efondre, se yon Leta ki p ap ka kanpe poukont li, epi Repiblik dominikèn pa epanye akòz sa k ap pase an Ayiti, paske olye se yon sèl peyi ki kraze se nou tou 2 k ap kraze, e m panse nou pa merite sa », deklarasyon M. Fernánde, pandan l t ap patisipe nan yon reyinyon avèk plizyè dirijan politik, nan pwovens ak minisipalite yo, nan lide pou evalye sitiyasyon pati a nan rejyon Cibao a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.