Prezidan ameriken an ansanm ak Premye minis kanadyen an rankontre jodi madi 10 janvye 2023 a, nan peyi Meksik, pou diskite sou pi bon fason yo kapab fè yon entèvansyon an Ayiti pou rezoud pwoblèm ensekirite an ak kriz imanitè ki genyen nan peyi an.
Nan okazyon somè sa ki reyini dirijan twa peyi Nò Amerik yo, Prezidan Joe Biden, Premye minis Justin Trudeau ansanm ak Prezidan meksiken an rankontre jodi madi a nan kapital peyi Meksik pou diskite sou yon ansanm dosye ki konsène rejyon an pami yo sitiyasyon Ayiti an.
Devan laprès, konseye ameriken pou sekirite nasyonal la Jake Sullivan te fè konnen ayè lendi 9 janvye an rankont sa ant dirijan twa peyi Nò ameriken an ap gen dosye Ayiti an ladan l kote yo pral diskite sou ki fòs polis miltinasyonal yo kapab voye nan peyi an pou akonpanye Lapolis la.
Yon demach ki bloke depi mwa novanm ane pase avèk peyi Larisi ak Lachin ki kanpe an kwa nan konsèy sekirite Nasyonzini an epi Etazini ki toujou poko ka jwenn yon peyi pou dirije fòs miltinasyonal sa gouvènman ayisyen an te mande kominote entènasyonal la.
Administrasyon amerikèn lan ki plis ap mennen dosye sa nan kominote entènasyonal la, pa rantre nan lojik pou ta voye sòlda pa yo nan fòs miltinasyonal sa ki anvizaje pou ta debake nan peyi an. Sou pwopozisyon pou se ta Kanada ki pran tèt misyon sa, gouvènman kanadyen an te deja eksprime pozisyon l sou dosye sa ki se apiye Lapolis la nan plas voye twoup an Ayiti an.
Nan mwa desanm ki sot pase an, gouvènman kanadyen an te voye anbasadè yo genyen nan Nasyonzini an, BoB Rae, nan yon misyon twa jou an Ayiti pou evalye posiblite pou yon entèvansyon militè etranje nan peyi an ak wòl Ottawa kapab jwe nan misyon sa.