Nasyonzini onore memwa viktim tranblemanntè 12 janvye a 

Kethia Saint Marc
ParKethia Saint Marc- Rédactrice
nasyonzini onore memwa viktim tranblemanntè 12 janvye a 

Nasyonzini kontinye rann omaj ak plizyè santèn milye ayisyen ki te viktim nan tranblemanntè 12 janvye 2010 la, ansanm ak plizyè milyon lòt moun ki te afekte nan katastwòf sa a. 12 janvye 2010 se yon dat ki mete dlo nan zye anpil fanmi Ayisyen, se yon dat nasyon Ayisyèn nan poko prè pou yo bliye. 

Yon tranblemanntè mayitid 7.3 sou echèl Richtè te ravaje Ayiti madi kite 12 janvye 2010 la. Plizyè milyon fanmi te nan lapenn akoz evènman tèrib sa a Ayiti pat janm konnen. Jodi madi 12 janvye 2023 a make 13 lane depi katastwòf sa a te sakaje Ayiti. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nasyonzini pwofite okazyon sa a pou onore memwa 102 pèsonèl Nasyonzini ki te viktim pandan yo t ap egzèse sèvis yo, nan peyi dayiti. 

Fanmi Nasyon zini vle reyafime angajman li pou travay ansanm ak nasyon ayisyèn nan pou ede yo bati yon avni ki pi bon epi dirab, ki baze sou yon retou nan sekirite ak demokrasi. 

 Nan yon kontèks nasyonal ki make pa yon frajilite mangonmen, komemorasyon jounen dezas sa a dwe pouse tout moun, pou yo reflechi epi montre tolerans, respè ak konpreyansyon alantou yon pwojè komen pou byen peyi sa a ki chè pou nou tout. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.