Jounalis James Pierre bay rezon ki fè non lòt sanksyone yo poko devwale

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
jounalis james pierre bay rezon ki fè non lòt sanksyone yo poko devwale

Etazini te pran mezi sanksyon kont divès pèsonalite politik ayisyen ak manm elit ekonomik lan. Sepandan, peyi Tonton Sam ap rapouswiv ak sanksyon sa yo. Vrèman vre, aprè Laurent Lamothe, gen plizyè lòt non pèsonalite ayisyen ki sou lis pou tonbe anba sanksyone, daprè jounalis ayisyen James Pierre.

Dapre sa jounalis la rapòte, otorite ameriken yo ap tann yon sèl bagay pou pran desizyon an piblik, sa ki vle di rann piblik non plizyè lòt pèsonalite politik ayisyen ki tonbe anba sanksyon.

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Men rezon ki fè Etazini potko janm anonse sanksyon kont ansyen premye minis Laurent Lamothe: Yo t ap veye lè l kite peyi a anvan. Menm jan gen lòt moun y ap veye kou yo vwayaje pou yo anonse sanksyon pa yo tou, daprè sa sous mwen dim”, te ekri James Pierre k ap viv sou teritwa ameriken an.

N ap raple, peyi Etazini deja sanksyone plizyè pèsonalite ayisyen pou enplikasyon yo nan finanse gang, ladan yo: Joseph Lambert, Youri LaTortue, Rony Celestin ak Hervé Fourcand.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.