Jounalis Roberson Alphonse viktim yon atak nèg ak zam

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
roberson alphonse
Bandi ak zam atake byen bonè madi a jounalis radyo Magik 9 ak jounal Le Nouvelliste Roberson Alphonse, nan Dèlma 40 B, pandan li t ap rann li nan travay li, daprè yon piblikasyon Frantz Duval fè sou Twitter.
Jounalis Roberson Alphonse viktim yon atak nèg ak zam byen bonè madi a nan komin Dèlma pandan li t ap rann li nan radyo Magik 9 pou kapab prezante emisyon nouvèl Pannel Magik.
Endividi moun pa rive idantifye ouvri kout bal sou machin jounalis la nan nivo Dèlma 40 B pandan li te nan wout pou al travay. Daprè imaj k ap sikile sou rezo yo, plizyè enpak bal vizib sou kò machin Roberson Alphonse t ap kondi an.
Prezantatè emisyon Pannel la pran bal nan kad la e pou kounya sou kabann lopital ap pran swen ka li nesesite nan yon lopital nan zòn metwopolitèn nan, daprè sa chèf redaksyon jounal Le Nouvelliste la fè konnen.
Eta sante Roberson Alphonse pou kounya estab, daprè dènye eleman enfòmasyon yo kolaboratè jounalis li yo pataje sou rezo sosyal yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.