Joverlein Moïse endiye fas ak aparisyon fòs militè etranje yo, Ariel Henry egzije a

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
joverlein moïse endiye fas ak aparisyon fòs militè etranje yo, ariel henry egzije a
Joverlein Moïse, ki se youn nan pitit gason ansyen prezidan Jovenel Moïse la, pa sispann eksprime endiyasyon l fas ak sitiyasyon aktyèl peyi Dayiti ap andire depi aprè lanmò papa l, 7 jiyè 2021 pase a. Nan yon piblikasyon li fè sou kont Facebook li jodi samdi 8 oktòb 2022 a, Joverlein montre jan li imilye fas ak desizyon Premye Minis Ariel Henry siyen ak fòs militè etranje yo, pou ede l konbat ensekirite a kap pouse jarèt chak jou pi plis sou tèritwa nasyonal la.
Dènye rezolisyon sa a gouvènman ayisyen an pibliye nan jounal ofisyèl la, ” Le moniteur  “, ayè vandredi 7 oktòb la, konsènan aparisyon sòlda etranje yo sou tèritwa nasyonal la anba lòd Premye Minis Ariel Henry a, tranble rezo sosyal yo. Reyaksyon yo ap tonbe chak jou pi plis, si n ta kwè pitit defen an.
« Gade nan ki sitiyasyon peyi m, Ayiti cheri, trouve l. Mwen vle revolte, bagay yo konplike, yo tris, e mwen santi m imilye.» Ekri Joverlein sou kont Facebook li.
Li kontinye pou l di; « Sa fè m mal. Men poukisa yo asasinen prezidan nou an, pou yo te ka mennen nou nan kafou sa, pou yo te ka vann peyi a bay etranje, pou yo te ka pase souvrennte nou anba pye. Mesye nou ta dwe wont rele tèt nou Ayisyen. »

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.