Kominote entènasyonal la di l ap travay pou retabli lapè an Ayiti

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
kominote entènasyonal la di l ap travay pou retabli lapè an ayiti

Nan kad sesyon plenyè 52èm asanble jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo, vandredi 7 oktòb 2022, plizyè Eta nan kominote entènasyonal la pran angajman pou travay ansanm nan lide pou kapab retabli lapè an Ayiti.

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sou prezidans Etazini ak Kanada, 19 Eta manb OEA rankontre jounen vandredi 7 oktòb la nan peyi peyi Pewou, pou debat sou dosye Ayiti a. Pandan rankont sa, peyi sa yo sòti yon deklarasyon ansanm sou sipò kominote entènasyonal la kapab bay Ayiti fè fas ak kriz difisil sa.

 

Yon lòt fwa ankò, kominote entènasyonal la mande pou gen yon koulwa imanitè ki mete sou pye pou gaz la kapab sòti nan tèminal Varreux ki bloke depi anviwon yon mwa, pou dlo kapab pase, epi pèmèt lopital yo reponn ak monte ka kolera yo nan peyi a.

 

Òganizasyon Eta Ameriken yo renouvle angajman yo pou ede ayisyen yo fè fas ak defi sekirite konplèks peyi a ap konfwonte aktyèlman, e mande kominote entènasyonal la founi yon asistans rèd sou plan sekirite, san bliye ranfòsman Lapolis la.

 

Nan deklarasyon sa peyi sa yo nan OEA fè sou sitiyasyon Ayiti an, yo ankouraje tout gwoup nan sosyete a, pou kontinye yon dyalòg politik tout moun ladan l, pasifik, konstriktif nan lide pou kapab idantifye yon solisyon k ap dire.

- Advertisement -
Ad imageAd image

 

Òganizasyon Eta Ameriken yo fè konnen, nan deklarasyon sa, san yon akò konsa, retablisman sekirite a ap toujou rete yon defi, menm jan ak òganizasyon yon eleksyon lib e onèt.

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.